Kishore Kumar Hits

Djakout Mizik - Reyalite-a Pale fransé lyrics

Artist: Djakout Mizik

album: Pwofite


Maten an m leve
M tonbe chèche nan tout kwen
On moun pou m pale
Se kounya m reyalize
Ou kite m tout bon vre
Lè yo kritike m ou defann mwen
Lè yo jete m ou ranmase m'
Sim pat ka konprann sa
Se nòmal pou m peye sa
Rele tout kote konn kibò w ye
Fanmiw fache yo rakwoche
Se kounya m realize
Ou kite m tout bon vre
Lè yo meprize m ou sou bò mwen
Lè mwen malad ou okipe m
Si ou ale se mwen k lakòz
Reyalite-a frape
M'ap mande padon... Padon
Pou sa mwen fè
Reyalite-a frape
M'ap ofri milyon... Milyon
Pou repare
Reyalite-a frape
Lè aswè rive se pa pale
Anba dra m kouche m'ap tatone
Se kounya m reyalize
Ou kite m tout bon vre
Nan move moman ou la pou mwen
Lè yo atake m kò nou pouse
Si ou ale se mwen k lakòz
Reyalite-a frape
M'ap mande padon... Padon
Pou sa mwen fè
Reyalite-a frape
M'ap ofri milyon... Milyon
Pou repare
Reyalite-a frape
Mwen pa kapab ankò
Non m'pa kapab
Mwen pa kapab kontinye viv
Mwen mande retounen
Menmsi mwen konnen m antò
Mwen mande retounen
Menmsi ou pa vle m ankò
Mwen pa gen apeti ankò
Mwen pa ka respire ankò
Mwen rayi tèt mwen
M santi m se pi gwo enbesil sou latè
Mwen aji san reflechi
Oh mwen ta renmen rewè w ankò
Mwen anvi viv avè w ankò
Tounen vin jwenn mwen
Mwen mande retounen
Menmsi mwen konnen m antò
Mwen mande retounen
Menmsi ou pa vle m ankò
Ti Pouch! Playa!
You're the best, man!
Oh mennen m legliz devan sen sakreman
De bra ouvè pou m mande padon
Mennem m tribinal m evite jijman
Met dwat anlè pou m prete sèman
Pa kite m pa kite m pa kite m peri
Pa kite m pa kite m pa kite m soufri
Pa kite m pa kite m pa kite m mouri
Mwen lave men m pou m pa rekòmanse
Mennen m legliz devan sen sakreman
De bra ouvè pou m mande padon
Mennen m tribinal m'evite jijman
Met dwat anlè pou m prete sèman
Pa kite m pa kite m pa kite m peri
Pa kite m pa kite m pa kite m soufri
Pa kite m pa kite m pa kite m mouri
Mwen mande retounen
Mwen mande retounen
Menmsi mwen konnen m antò
Mwen mande retounen
Menmsi ou pa vle m ankò

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists