Kishore Kumar Hits

Zafem - Ala De Ka lyrics

Artist: Zafem

album: Ala De Ka


Mal palan yo, pala m pral pala k yo
M pap toufe, yo k pou boude
Mal palan yo, pala m pral pala k yo
M pap toufe, yo mèt boude.
Nou poko janm kontre pale n pale sou rezo yo (yo).
Feeling pase li sekwe nou tou de jouk nan zo (zo).
Dezè twazè di maten nou kay kouche sou do (do).
W ap text mwen pandan mennaj ou ak dòmi dèyè do w)do).
Bagay yo pran chèn m pa menm konn sa m pral fè.
Ou gentan rive mande m èske m vle w èske m prè.
Mal palan yo, Hmmm pala m pral pala k yo.
M pap toufe, yo k pou boude
Mal palan yo, pala m pral pala k yo
M pap toufe, yo mèt boude
M vin konprann gen anpil moun ki ansanm pandan yo poko (ko).
Jwenn koneksyon ak yon lòt moun ki fèt tèt yo cho (cho).
Mwen pa remen kòmanse anyen pou mwen pa fini. Anyen o yeah anyen .
M pa ka vin reveye lanmou pou m pete kouri.
Ooooooo
Anpil ezitasyon des bouffés d'émotions.
M ap viv nan bon vivan m les fruits de la passion.
Volonte m pat pou deranje,
Men sa k fè m byen ka fon lòt mal
Eske sa pa janm rive w pou w kwaze fas a fas
Ak reyalite sa
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Ooo ooo ooo
Mwen di wòch wòch wòch pa voye
Mwen di dwèt la dwèt la pa lonje l
Moun ki santi li pafè a voye premye kout wòch la
Ou menm ki santi w pat fè a rete avèk sa w kwè a.
Eeeeeeeee.
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Mwen di kimele m, enh enh
Ala de ka papa.
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Mwen di wòch wòch wòch pa voye
Yeah aaah
Mwen di dwèt la dwèt la pa lonje l
Moun ki santi li pafè a voye premye kout wòch la
Ou ki santi l pa jan m fè a rete avèk sa w kwè a.
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Ebyen zafèm sa son poz ohw.
Oooo oooo ooo
Li Di machè
Ooo ooo oooo
Chéri a kenbem, kenbem Di
Chéri Mwen konnen Mwen pa Yon Moun ki dirab.
The end

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists