Kishore Kumar Hits

Zafem - Savalou lyrics

Artist: Zafem

album: Savalou


Savalou
Oui mes chers citoyens
Sa k ap pran, ak sa k pap di anyen
M'adoulè a la nan tout rak kwen
Ou ka vle inyore'l kanpe lwen'l
Li fin ta n'ap di'l bonè
Sèl okazyon nou se misyon pou lapè
Nan gran ravin tibwa geto yo toujou g'on men (K'ap manipile)
Nèg ki lekòl kap kenbe galil nan men'l (San'l pa achete)
Nan bidon vil ayisyen ap viv an egzil (Nan pwòp peyi'l)
Otorite ou pa ka pran pwòp pèp ou kòm lenmi'w (Ou la pou sèvi'l)
Ewo nou yo pat travay pou sa
Ewo nou yo pa travay pou sa
Ou pa wè ou pa wè
W'ap fè kòmsi'w pa wè
Ou wè, Ou wè, Ou wè, Ou wè, Ou wè
Pase Steeve Wonder
La jistis toujou pi prese
Pou trase legzanp sou malere
Men mèt afè ap byen sikile
Se yo'k pi gwo privileje
Yo fin pran epi y'ale
San yo pa negosye
Peyi sila ap viv kou ofelen
Nan mitan yon bann gwo je
Ou pa wè, Ou pa wè
W'ap fè kòmsi'w pa wè
Ou wè, Ou wè, Ou wè, Ou wè, Ou wè
Pase Steeve wander
Sa fè kèk tan la n'okipe
Men sanble sa pa deranje
Frè nou yo'k nan gouvernement
Sa'k nan gran pozisyon
Pifò vle pran epi y'aleee
San yo pa negosye
Peyi sila ka viv kou ofelen
Nan mitan yon bann gwo je
Sispann jwe ak peyi a
Jwe ak peyi a
Sa nou wè yo bay dlo nan je
Sispann jwe ak peyi a
O Jwe ak peyi a
Lavi moun se bagay serye
Wi m'ap di unissons-nous
Pandan'm konnen pami nou
Gen sa'k pap janm dakò
Yo ta prefere lanmò
Men li ta bèl si kèk nan nou
Va chwazi defann peyi nou
Pran richès nou ak fòs nou
Pou'n sove lonè'n
Kilè rat kay, va sispann manje pay kay
Sispann jwe ak peyi a
Jwe ak peyi a
Sa nou wè yo bay dlo nan je
Sispann jwe ak peyi a
O Jwe ak peyi a
Lavi moun se bagay serye
Mwen bouke di unissons-nous
Paske'm konnen pami nou
Gen sa'k pap janm dakò
Yo ta prefere lanmò
Men li va bèl lè kèk nan nou
Va chwazi met granmoun sou nou
Pran richès nou ak fòs nou
Pou'n sove lonè'n
Men kilè rat kay, va sispann manje pay kay
M pa ka kont pèsonn o
Paske nou tout se frè
Men verite pa zanmi
Moun ki annafè
Si'w wè'm ankòlè
Se lè'm wè fanmi'm yo
Jan n'ap jwe ak lavi yo
M pa ka kont pèsonn o
Paske nou tout se frè
Men verite pa zanmi
Moun ki annafè
Si'w wè'm ankòlè
Se lè'm gad fanmi'm yo
M wè jan y'ap manipile yo

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists