Kishore Kumar Hits

Klass - Lajan Sere lyrics

Artist: Klass

album: Fè'l Ak Tout Kè'w


Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
Mwen gen tan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gen tan wè sa k rive
Ou di pouki se ou k tonbe anba (tonbe anba)
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou, doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite
Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann, m al twouve
Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann, m al twouve
Nou pa gen anpil tan
Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sa k fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sèl mwen ki konn pou ki rezon
Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve
Si w wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji k on ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan (pou m fè pedan)
M pa fè pwomès tout tan
Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman, baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan, woy
Oh, oh! Oh!
Oh, oh! Oh!
Oh-oh-oh-ohh!
Oh-oh-oh-oh!
Oh, oh! Oh!
Oh, oh! Oh!
Oh-oh-oh-ohh!
Oh-oh-oh-oh!
Men sa son ben lanmou!
Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m!
Ti Monarch, ou wè!
Wo-oh-oh!
Wo-oh-oh!
Klass it is, baby! Yes it is, baby!
Oh, oh! Oh!
Oh, oh! Oh!
Oh-oh-oh-ohh!
Oh-oh-oh-oh!
Oh, oh! Oh!
Oh, oh! Oh!
Oh-oh-oh-ohh!
Oh-oh-oh-oh!
Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò
Mwen menm avè nou pa dakò, dakò
(Men ki mele m avè yo)
Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò (di sa pa gade nou)
Mwen menm avè nou pa dakò, dakò (woyoyoyoy!)
Di alèkile
Vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun y ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou m avè w sèmante
Se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite, eya-eya-eh!
(Doudou, vini mwen ba w siwo)
Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò (men sa pa gade nou)
Mwen menm avè nou pa dakò, dakò (sa nou ba yo pote)
Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò (wo-yoy!)
Mwen menm avè nou pa dakò, dakò (ayayayay!)
Di alèkile
Vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun y ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou m avè w sèmante
Se sou nou li pral konte
Nou pral egzanp limanite, ye-anh-ye-anh-ye!
Doudou, vini m vlope w
Oh, oh! Oh! (Wouch!)
Oh, oh! Oh!
Oh-oh-oh-ohh!
Oh-oh-oh-oh!
Oh, oh! Oh! (Castel, le roi)
Oh, oh! Oh! (Lekòl la p ap ret ban vid, tande!)
Oh-oh-oh-ohh! (Sa poko inskri, kouri)
Oh-oh-oh-oh!

Men sa s on sen sakreman!
Ouh! La-la-la-la-la-la-la-la!

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists