Kishore Kumar Hits

Zenglen - Metew nan plas mwen lyrics

Artist: Zenglen

album: Bravo Victorious


Anpil fwa w'ap gade
Saw wè a se pa sa vre
Gen bagay ki pase
Fo w' ta viv li pou konn sa l' ye
Pou kondane fok ou juje, prensip sa se ABC
Li pa nan liv la, reyalite nou viv sa
Lè w' pap jwe ou toujou wè
Pi gwo kou zot ta dwe fè
Eksperyans fè n' konprann
Lè kanpe lwen ou ap gade
Lè w' pi pre se pa sa l' ye
Mete w' nan plas mwen
Walk in my shoes
Oo, w'a konnen
Mete w' nan plas mwen
Walk in my shoes
Oo w'a konnen
Pa Juje m', kondane m
Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m
Pa Jujе m' pa juje mwen kondane m' pa kondanе mwen
Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m'
Li fasil pou di ala nèg jalou papa
Konnen w' pa konnen
Li fasil pou di sa k' rive a se bon pou li
Konnen w' pa konnen
Se fasil pou di fanm sa 4 pitit 4 papa
Konnen w' pa konnen
Nan chèche okipe yo, multipliye yo
Konnen w' pa konnen
Pa Juje m' pa juje mwen kondane m' pa kondane mwen
Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m
Pa Juje m' (juje mwen, kondane m' pa kondane mwen
Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m
Se fasil pou di nèg sa bwè kleren tankou dlo
Konnen w' pa konnen
Pil pwoblèm li pa wè anba l' pa wè anwo
Konnen w' pa konnen
Li fasil pou di ala jazz pase mizisyen
Konnen w' pa konnen
Jazz la pa chanje men se mizisyen yo k' chanje
Konnen w' pa konnen
Mete w' nan plas mwen
Walk in my shoes
Oo, w'a konnen
Mete w' nan plas mwen
Walk in my shoes
Oo w'a konnen
Paske ou pa nan plas mwen
Ou panse se kou kreten
Se konnen ou pa konnen
Si w' viv youn nan jounen m' yo
M' pa bezwen menm di w' you mo
W'a banm you lot kout chapo

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists