Kishore Kumar Hits

Zenglen - I Miss My Ex lyrics

Artist: Zenglen

album: No Dead End


Girl, you make me miss my ex, my ex
Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen
Girl, you make me miss my ex, my ex
Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen
Gen fwa, ou avèk yon moun, ou pa konnen valè li
Se lè li pa la ankò w ap plede di jan l te bon
Se kounyeya m wè 'ex' mwen pa t tèlman move jan m te panse a
Pou sa m ap andire, mwen boukante paradi pou lanfè
Ou di m bagay ke l pa t konn janm oze di m
Ou fè m bagay ke l pa t konn janm oze fè m
Ou chaje ak eksperyans
E m ka fè 'la différence'
Men sa pa t anpeche ke m te livre kè m san rezon
Mwen te trè vilnerab
Mwen te pran yon moun tou cho, tou bouke
Kounyeya, 'ex' mwen ap ri m, lè l aprann kijan ou ap maltrete m
Ou di m bagay ke l pa t janm konn oze di m
Ou fè m bagay ke l pa t janm konn oze fè m
Chak fwa, w frape, ou fè m genyen flashback
Chak fwa w andjable, ou fè m anvi pran 'ex' mwen back, oh
Se pa 'toutes les fois', 'ex' yo konn pa bon
Kounyeya, m konprann sa

Girl, you make me miss my ex, my ex
Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen
Girl, you make me miss my ex, my ex
Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen (moun mwen, moun mwen, moun mwen)
Gen bagay m pa t ka dekouvri bonè
Se 'au fil du temps' m vinn wè ki moun ou ye
E si m ta konpare w ak 'ex' mwen
Ou t ap pot premye pri nan fè m pase mizè, oh, oh, oh
Ansyen moun mwen, oh
(Pa t konn derespekte m)
Se vre, sanble ansyen moun mwen te pi bon, oh
(Li te konn fè lanmou, fè lanmou)
Ansyen moun mwen, oh
(Pou li, m te gen valè)
Sanble ansyen moun mwen te pi bon, oh
(Menm lè pòch te konn vid)
Hello, Zenglen
Men Kito wi

Devan, m ap vini

Ansyen moun mwen, oh
(Vini koze, tande pwoblem mwen)
Se vre, ansyen moun mwen te pi bon, oh
(Jonas, gran frè m, ou te pale m)
Ansyen moun mwen, oh
(Ansyen moun mwen se moun ak kè li ye)
Se vre, ansyen moun mwen te pi bon, oh
Girl, you make me miss my ex, my ex (wo-ouh, wo-ouh)
Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen
Girl, you make me miss my ex, my ex (wo-ouh, wo-ouh)
Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists