Kishore Kumar Hits

Nu-Look - Daddy's Girl lyrics

Artist: Nu-Look

album: My Time


Daddy's Girl (La fille à Papa)
Ou vi'n devan mwen, ou di'm ou renmen li
Eske ou reyèlman konnen, quels sont les rudiments de l'amour
Ou vi'n devan mwen, ou vi'n mande'm main li
Eske ou sur se sa ou vle, ak tout sa ki akonpanye'l
Pase tout anfans li ap pwoteje'l
Kont tout enkyetud li, tout peur li
Mwen se te premye lanmou, ke li te janmen konnen
Te fè'l kwè lavi n'est faite que de roses
Ou vi'n devan mwen, eksplike'm santiman'w
Eske ou sur se sa ou vle, eske'w certain se sak manke'w
Ou vi'n devan mwen, mande'm approbation'm
M'ta vle'w konnen li pa yon fardeau
Se ti trezò'm, se ti mago'm
Avan m'aksepte fò'w pwomèt mwen
Ke li pap janmen rele ou papi
Paske lè li tap grandi, nenpòt ti appréhension'l
Mwen se te premye recours'l te genyen
Inévitable moment yon paran dwe afwonte (2 fois)
Pase tout anfans li ap pwoteje'l
Kont tout enkyetud li, tout peur li
Mwen se te premye lanmou, ke li te janmen konnen
Jus vle fèw konprann ke li pa yon fardeau
Avec un sanglot dans la voix et la réalité en face (2 fois)
Elle est mon petit joyau, ce que j'ai de plus précieux
Pwomèt mwen wap pran soin de li
Tanpri tande, se pan anyen de personnel mwen gen avè'w
Ou appeler à être père, lè sa wa konprann
Ki koneksyon yon papa pataje avèk pitit fi'l
Son sansasyon aigre-douce, lè li pwale
Menm si ou ale, map toujou pwoteje'w (2 fois)
Menm si ou ale, wap toujou daddy's girl
M'te konn kanmenm yon jou, fòw te ale
Honnêtement mwen pat jan'm vle aksepte'l
Konnen pòt mwen ap toujou ouvè pou ou
Tanpri jènjan pwoteje li pou mwen
You always be daddy's little girl (2 fois)
You always be daddy's lil treasure
#Daddy's Girl
#Nu Look/MyTime

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists