Kishore Kumar Hits

Adama Namakoro Fomba - Fifi lyrics

Artist: Adama Namakoro Fomba

album: Wallé (Kalitex présente)


Se pa sa'k fèt la
Se ak kiyès li fèt la
Se trayizon an
Kou a di, li reponn mwen anba kè
Si moral mwen lat wo, jodi a m'te ka anba tè
Ou te yon zanmi, ti kolonn pa'm, ou mèt kwè'm
W'ap kouche ak fanm mwen épi lè'w wè'm w'ap rele'm frè'm
W'ap bwè byè'm, w'ap plede trip avè'm
Lavi'm te piblik man, ou te konn tout afè'm
Pouki se ou pa gen anyen m'te konn sere'w
So m'ekri mizik sa a pou'm konseye'w
Pran swen li, jere li
Paske li se yon bèl fanm ak yon bèl pitit fi
Pran swen li, jere li
Petèt li te merite yon moun miyò ke mwen
Sa'k fè'm mal la, se paske'm konnen'w pap ret avè'l
W'ap just ba li 2 kou épi tou w'ap brize kè'l
Pale de li nan baz ou pou di jan ke'w trip avè'l
San ou pa rann ou kont ke w'ap met fen nan karyè'l
Kote'l pase yo pral di gade vwazin lan
M'te fè ou konfyans épi w'al jwe nan ti pati'm nan
M'santi'm prèske fou, genlè m'ap fout pati pati'm nan
M'reziye'm pèdi paske'm pa vle pèdi lavi'm nan
Pran swen li, jere li
Paske li se yon bèl fanm ak yon bèl pitit fi
Pran swen li, jere li
Petèt li te merite yon moun miyò ke mwen
M'pa ka fin panse avè'l
An desanm m'te gentan fè plan pou'm fiyanse avè'l
Trouble sa'k pase la a fè tout moun vin ranse avè'l
Si jodi a tanbou'l lou se paske'w fin danse avè'l
Mwen konsyan mwen pat dwe leve men sou li
M'pat janm vle'l kriye, m'toujou vle pou'l souri
Emosyon, wi twòp emosyon fè yon senp tu aksyon
Mennen on kokenn chèn reyaksyon
M'ap mande padon, padon
Na konprann mwen,
M'espere'n konprann mwen
M'ap mande padon, padon
Na konprann mwen,
M'espere'n konprann mwen

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists