Kishore Kumar Hits

Misty Jean - Sa Red lyrics

Artist: Misty Jean

album: Just Like That


Nou leve avèk yon mantalite, kote moun pa respekte moun
Lap viv lakay ou wap maltrete'l, paske ou panse ke ou plis pase'l
Mèmsi timoun lan rete avèw, sa pa vle di ke li se yon esklavè
Se sitiyasyon lavi ki voye'l, map mande tanpri pran yon ti konsyans
Pa gade sou bò'w! Paske demin ka miyò!
(Demin ka miyò!)
Pa gade sou bò'w! Paske demin ka miyò!
(Paske ou pa kon lavi)
Pa gade sou bò'w! Paske demin ka miyò!
(Pa kite kèw ou fèmin se sè'l ou li gen)
Pa gade sou bò'w! Paske demin ka miyò!
Hear this!
Li kanmanse travay avan solèy leve
Pou'l fini just lè li kouche
Depi maten timoun nan ap chita bourike
Bà'l yon ti chans pou'l fè yon ti repoze (repoze)
Lan kondisyon timoun sa ap evolye
Se yon bagay elagal li ye
Nou se premye peyi, nwa libere,
Gen lè esklavaj toujou ekziste
Pa gade sou bò'w! Paske demin ka miyò!
(Lakay wo, se vre, m' egziste)
Pa gade sou bò'w! Paske demin ka miyò!
(Ou pa konn soufrans li)
Pa gade sou bò'w! Paske demin ka miyò!
(Anverite demin ka miyò!)
Pa gade sou bò'w! (Pa gade)
(Mezanmi Sa Red O!)
Mwen pap vini pran malonèt Port-au-Prince
Mwen prefere rete lan province
Kote timoun respekte granmoun
E granmoun respekte timoun
Mwen anvi retounen kan peyi mwen
Se la map jwen tout rasin mwen
Kolabore a se la ki lan bezwen
Chanje mantalite pou nou sa wè pi lwen
This is Shaba!
Hola girl! (Shaba!)
Misty (wata gwan)
Hear this!
Li ap viv lan province, li tonbe lan Port-au-Prince (Shoulda)
Li vin chache lavi, mesye min mizè lap passe
Yo pa voye'l lekol, yo pa bal edikasyon
Se voye li pote dlo, se voye li lan mache
Mezanmi Sa Red O, o o
Mezanmi Sa Red O, o o o o (mezanmi sa red o)
Mezanmi Sa Red O, o o
Mezanmi Sa Red O, o o o o (gad kijan li mechan)
Kijan ou santi'w, Timal ki pa konn li
Chak maten pitit paw leve ale lekòl (sa red o, sa red o)
Kijan ou santi'w chak maten ou leve
Ou gade timoun pa'w pral lekòl
Mwen diw kouman ou santi'w, kouman ou santi'w
Ti bònn ou rete avèk la se konsa ou gade'l
Kouman ou santi'w laye
An nou renmen timoun, nou tout pase timoun, pa maltrete timoun
Kouman ou santi'w laye
An nou renmen timoun, nou tout pase timoun, pa maltrete timoun
INSTRUMENTAL
Madame oubyen mesye, sal lye la
Mezanmi Sa Red O, o o
Mezanmi Sa Red O, o o o o (sa red o, sa pa bon, sa pa bo)
Mezanmi Sa Red O, o o (mezanmi sa red)
Mezanmi Sa Red O, o o o o
Fòk nou renmen timoun,
Timoun se lavi, timoun se la jwa
Fòk nou renmen timoun
Timoun se lavi, timoun se lespwa
Fòk nou renmen timoun, nou tout pase timoun, pa maltrete timoun
(Yon peyi ki pa respekte timoun)
Fòk nou renmen timoun, nou tout pase timoun, pa maltrete timoun
(Yon peyi ki pa respekte timoun)
(Peyi sa respekte timoun)

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists