Kishore Kumar Hits

KANIS - Espas lyrics

Artist: KANIS

album: Eneji


M santi m tris
Men konsyans ak santiman mwen konplis
M konnen m gen tò
Raple m tout moun mwen fè enjistis
Pou tout kè m konnen mwen kase
Mizè m fè de moun pase
Tout bon souvni nou efase
M swete n ka met sa nan le passé
M tankon w vag
M poko la m gentan kite
On jou m rale l
On jou m lage l
On jou m poze, m ajite
Epi m bay vag
Wi se vre
Twòp opsyon m pat konn sa m vle
M te gen foli, pran pòz pleyè
Fè tout nèg yo fè kòve
Kounye a se kama, m pran nan drama
Lanmou fè m kouche anba dra
Gad kijan mwen pran nan traka
M tèlman pase yo tout nan fatra
Flap, m pran frap
Epi m wè m lanmou m te fè bak
On ka syèk se te yon etap
Nan vim kounye an
M met pase m nan yon sak
Santiman mwen ap jwe lago kache avè m
Tout efò m fè, konsyans
Mwen ap goumen avèm oh
Menm si w pa kwè m
Mwen vle di w tout sa ki nan kè m
Santiman mwen kache
Ap jwe lago kache avè m
De twazè nan maten
M sou balkon m ap panse a ou
Panse ak tout sa m t anvi di w
M pa pè di w mwen pè pou m pèdi w
E si m pat care
Kwè m tap di w
Tout sa w anvi tande
Tanpri cheri pa tante m
M gen move defo, m son w danje
Èks mennaj mwen pa pale avè m
Kominikasyon nou koupe
Li te vle travay relasyon an
Men m pat janm gen tan m te okipe
Ti erè fè gwo efè
Twòp ògèy m chaje feblès
M fè mizik pou m jere strès
M ret poukòm pou m pa fè vye jès
E m pa fè pèsonn konfyans
M te bay tout bénéfice du doute
Kounye a mabout, bout
Kenbe kòd la kout
M tankou makout
Nan sans yo tout entimide
Eskize w men m pap bliye
Men imilyem
Konnen m son
W balans lespri m ekilibre
Santiman mwen ap
Jwe lago kache avè m
Tout efò m fè
Konsyans mwen ap goumen avèm oh
Menm si w pa kwè
M mwen vle di w tout sa ki nan kè m
Santiman mwen kache
Ap jwe lago kache avè m
Pou mwen lanmou m te domine
Si w pa gen zo w pase w kanpe
Mwen pat gen tan, m pat pèdi tan
Avèk gason mwen pat ret tann
Kounye a mwen bezwen lanmou
Mwen bezwen afeksyon ak atansyon yeah
Kounye a mwen bezwen lanmou
Mwen bezwen afeksyon ak atansyon yeah
Santiman mwen ap jwe lago kache avè m
Tout efò m fè
Konsyans mwen ap goumen avèm oh
Menm si w pa kwè
M mwen vle di w tout sa ki nan kè m
Santiman mwen kache
Ap jwe lago kache avè m

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists