Kishore Kumar Hits

TROUBLEBOY HITMAKER - Map Priye Pou Ou lyrics

Artist: TROUBLEBOY HITMAKER

album: L'aventure Continue


Alo! Kòman w ye?
Gen lontan w ap rele m, w ap rele m lontan
Di m kijan ou ye?
Men di m kisa ou vle, m wè w rele m souvan
Mwen pa santi m byen, cheri, ou manke m
Absans ou nan vi m vrèman toumante m
M wè w ap ekri m "Je t'aime", pa di m sa
Pa voye nuit pou mwen, m pa sou sa
Nan kè m, w ap toujou ret yon powèm
Men nan lavi m ou toujou pote pwoblèm
Cheri, pa di m sa, pa di m sa
M konnen m te twonpe w, padone m pou sa
Cheri, pa fè m sa, pa fè m sa
Dan konn mòde lang, yo pa kite pou sa
M pa rayi w, men m pa renmen w ankò
M pa vle wè w, m pa vle w nan vi m ankò, no
M jwenn moun pa m lan
M ap priye Bondye pou l fè w jwenn moun pa w la
Cheri, se ou ki moun pa m lan
Ou ki moun pa m lan, ou ki moun pa m lan (no)
M ap priye pou ou
Priye pou ou pou jwenn moun pa w la
M ap priye pou ou
Priye pou ou pou jwenn moun pa w la
M ap priye pou ou, bebe
Si w vle, n ka toujou ret zanmi, bebe
M ka toujou la pou ou, bebe
Lè w vle, w ka toujou ban m bri, bebe
Ou konnen m renmen w, m pa vle zanmi w
Mwen vle avè w, m vle nan vi w
M vle anbrase w, bebe, m anvi w
M pa konn ki sa m t ap bay pou m retounen nan vi w
Lè w ap monte bekàn, cheri, fò w pridan
Se pa sou tout wout pou fè de gidon
Pou nèg ou te kite m nan, ou konnen l pa t pi bon
Ou kite ji natirèl pou vye sapibon
M ap priye Bondye pou l fè w jwenn moun pa w la
Cheri, se ou ki moun pa m lan
Ou ki moun pa m lan, ou ki moun pa m lan (no)
M ap priye pou ou, priye pou ou pou jwenn moun pa w la
M ap priye pou ou
Priye pou ou pou jwenn moun pa w la
Lanmou fèt pou mwen, menm jan tou l fèt pou ou
M ap mande Bondye pou l ka fè w jwenn lanmou
Menm si pa fèt pou mwen, w ap jwenn yonn ki fèt pou ou
Se nan mezire pou konn sa k bon pou ou
Cheri, pa di m sa, pa di m sa
M konnen m te twonpe w, padone m pou sa
Cheri, pa fè m sa, pa fè m sa
Dan konn mòde lang, yo pa kite pou sa
M ap di w mèsi paske w te kite m
Kounyeya ou ouvè je m, ou wè w pa t merite m
Lè m te bò kote w, ou toujou ap imilye m
Pran m pou sekirite w, kounya, pa vin pile m
M ap di w mèsi paske w te kite m
Kounyeya ou ouvè je m, ou wè w pa t merite m
Lè m te bò kote w, ou toujou ap imilye m
Pran m pou sekirite w, kounya, pa vin pile m, no-o-o
M ap priye pou ou, priye pou ou
Pou jwenn moun pa w la
Menm si w te fè m mal, m p ap mande mal pou ou
Priye, priye m ap priye pou ou
M ap mande Bondye, yon jou, fò w jwenn moun pa w la
Priye pou ou
Menm si w te fè m mal, m p ap mande mal pou ou
M ap mande Bondye, yon jou, pou l fè jwenn lanmou

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists