Kishore Kumar Hits

Herold Christophe - Fos 1804 lyrics

Artist: Herold Christophe

album: Les anciens succes de herold christophe, Vol. 2


Gade nan pye tab, yon lagran peyi
Yon peyi kote lavi te bèl e dous
Yon peyi ki te dous tank on siwo myèl
Men kounye a l pi amè pas on te lanbsent
Sitwayen patri pòch k ap mennen peyi a
Sitwayen kriminèl yo t ap benyen nan san
Fouye twou, lage kretyen vivan san jije
Zòt te konprann yo te vin fè zo pye Bondye
Yo pa t janm panse si mal pa janm dire
Ann envoke fòs 1804
Pou n derasinen rasin mechan yo
Pou yon lòt kalite boujon ka boujonnen
Pou koulè peyi a chanje
Nou te toujou ap di Ayisyen pa konn sa l vle
S on fason pou n te toujou ret tèt bese
16 desanm 90
Nou bay lemond yon leson
Lè n t ap vire yon lòt paj nan liv istwa nou
Yo veye lè n ap dòmi 7 Janvye 91
Yo vini tankou siklòn pou yo te pran pouvwa
Pèp la sèlman te wonfle men li pa t gen tan gwonde
E li pa ta mande pou yo ta fè l gwonde
Paske jou l ta gwonde, menm latè va tranble
Ann envoke fòs 1804
Pou n derasinen rasin mechan yo
Pou yon lòt kalite boujon ka boujonnen
Pou koulè peyi a chanje
Ann envoke fòs 1804
Pou n derasinen rasin mechan yo
Pou yon lòt kalite boujon ka boujonnen
Pou koulè peyi a chanje
Ann envoke fòs 1804
Pou n derasinen rasin mechan yo

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists