Kishore Kumar Hits

Riske - Zanmi lyrics

Artist: Riske

album: Alfabe


Pa fè m sa m'pap fè w
Pa di mon ami, tout est permis
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa pale devan m byen, deyè m mal
Pa fè m sa m'pap fè w
Si nou se zanmi, n'pa nan ipokrizi
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa lonmen non m nan tripotay
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa pran m pou yon enbesil
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa voye wòch pou kache men w
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa vin geri bosko sou do m
Pa fè m sa m'pap fè w
Konn byen tout jwèt se jwèt, kwochèt pa ladan l
Mwen menm!
Konpa
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa di mon ami, tout est permis
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa pale devan m byen, deyè m mal
Pa fè m sa m'pap fè w
Si nou se zanmi, n'pa nan ipokrizi
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa lonmen non m nan tripotay
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa pran m pou yon enbesil
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa vin geri bosko sou do m
Pa fè m sa m'pap fè w
Pa tann mwen vire pou vin tcheke nonm mwen
Pa fè m sa m'pap fè w
Gen zanmi, gen zanmi pase se zanmi
Gen zanmi oh
Gen zanmi, gen zanmi pase se zanmi
Gen zanmi oh
Gen mo pou zanmi di w fè w plezi
Gen lòt mo pou zanmi di w fè dlo koule nan je w
Oh oh – Gen zanmi pase zanmi
Yo di – Gen zanmi pase zanmi
Se vre – Gen zanmi pase zanmi
Oh oh – Gen zanmi pase zanmi
Riske... hmmm konpa total capital
Al'on konpa maledve papa
Wouch... au féminin
Entèl, w'al bay sèvis
An nou wè
Woy
La plupart de mes amis se sont des hypocrites
Devant moi, elles me carresent, derrière moi, elles me critiquent
Critiquent, critiquent
Ou di w se zanmi m... Han
Sandra ipokrit karesant (Sa l di?)
Sabrina kouto famasi (An Han?)
Gina pala manchèt (Ah wi)
Patricia lang kivèt - Kèlèkè
Fanm sa a, ou toujou nan estera ou menm - Kèlèkè
Medizan, malpalan, awona, move kretyen - Kèlèkè
Han... manje fèy tòl - Kèlèkè
J'ai honte pour toi ma chère

Поcмотреть все песни артиста

Other albums by the artist

Similar artists